Eskandal ou abominasyon : alatèt Polis Jidisyè a ta nan kòkòday sere ak koalisyon tèworis “Viv Ansanm”

262
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Pi gwo pwen ki domine aktiyalite nasyonal la jounen jedi Jodi 25 desanm 2025 lan, se denonsyasyon Gran Toryan RNDDH la, Pierre Espérance ki kalifye alatèt Direksyon Santral Polis Jidisyè a, Marc Justin kòm reselè ki nan kòkòday ak òganizasyon tèworis “Viv Ansanm”.

Pierre Esperance ki tap entèvni nan yon emisyon nan kapital la, ki titre “Se sa nou vle”, deklare, depi Marc Justin ateri nan tèt DCPJ nan mwa dawout pase, genyen anpil gwo ankèt ansib ki dilijante dèyè group kriminèl ame yo anndan peyi a, malerezman ki pa janm rive asiste tiraj, alewè pou yo ta ateri.

Direktè egzekitif RNDDH la, rabat pou’l di ke genyen anpil nan anketè kap travay sou ansanm dosye sila yo, ki trouve yo wè men yo mare kon krab e pouswit kont gang sangwen yo vòltije e voye jete ak yon latriye pwetèks, san respè e san esplikasyon.

Antouka, selon alatèt RNDDH la, Marc Justin ki te kouri kite lapolis pou yon eskandal fanm, ta genyen gwo ramifikasyon avèk òganizasyon teworis ‘Viv Ansanm” ki genyen plizyè lane depi l’ap kidnape, vyole, touye, e mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan.

Share:

Leave a reply