Kowalisyon gang “Viv Ansanm” atake komin Gresye: 3 nan sangwen yo enskri nan pwogram Bwa Kale a.
05 – 14 – 2024
Gresye, Ayiti_____(TRiboLAND) Kowalisyon gang “Viv Ansanm” pou yon lòt fwa ankò, atake komin Gresye byen bonè jounen madi 14 me 2024 la, bilan yo anpil nan tou 2 kan yo.
Bandi yo bò kote pa yo, nan moman atak yo maten an itilize gwo estrateji kote yo rive bloke tout wout pou anpeche fòs lòd yo vin mete lòd nan dezòd, san konte divès kay yo boule rapyetè.
Popilasyon nan sans sa a, pat kanpe bwa kwaze, te poze lapat sou anviwon 3 nan bandi sa yo e enskri yo nan program Bwa Kale a.