Senlwidinò : Fidèl Katolik Guicha selebre Sen Patwon yo Sen Ogusten.

1,358

Fidèl Katolik Guicha Premyè Seksyon Komin Sen-Lwidinò selebre Sen Patwon yo Sen Augustin Jounen dimanch 28 dawou 2022 a.

08-28-2022

Guicha, Sen-Lwi Dinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Se Jounen dimanch 28 dawou 2022 an, pèleren sòti tout kote nan depatman Nòdwès la pou vin selebre Sen Ogusten, ki se Sen Patwon Fidèl Katolik Guichard yo.

Nan omeli sikonstans l’an Pè selebran an ki se Pè Ronald mande ak tout Fidèl yo pou yon n renmen lòt paske lanmou yon n pou lòt la se yon enperatif. Pou kèk Fidèl legliz la, ane sa a, ensekirite a fè yon gwo enpak sou fèt la paske, selon yo menm, sa lakòz anpil pitit Guicha patka rantre vin selebre Sen Patwon yo.

Malgre nou pat tèlman remake prezans dyaspora a, sa pat anpeche ti machann yo te anvayi teren foutbòl Guicha pou vin ekspoze tout kalite pwodui lokal yo ki montre ke Guicha genyen anpil potansyalite nan sa ki gen pou wè ak touris ak akwikilti kreyòl.



Comments are closed.