Pòt pawòl “Viv Ansanm” (Bandi ak zam yo) Jimmy Cherisier alias (barbecue) mande entegrasyon yo nan nouvo pouvwa kap fòme nan peyi Dayiti a

1,087

03 – 09 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Pót pawòl viv ansanm (bandi ame yo) Jimmy Cherisier alias (barbecue) nan yon entèvyou li akòde ak animatè emisyon sou antèn Radyo Mega, mande entegrasyon yo nan nouvo pouvwa ki pral genyen pou fòme nan peyi Dayiti a.

Pòtvwa “Viv Ansanm” nan, Jimmy Cherisier deklare pa genyen okenn ti gwoup nèg ki pral chita nan Otèl diskite bwè chanpay san prezans yo, li fè konnen, tout sa kap diskite, tout sa kap fèt, fòk “Viv Ansanm” patisipe epi bay mo pa yo.

Yon lòt kote, Jimmy Cherisier deklare yo revandike tout zak ki fèt nan plizyè zòn metropolitèn Pòtoprèns, pandan l di, se DDN li ye, PM Ariel Henry deyò e li deyò nèt, Barbecue fè konnen yo tounen zam yo dèyè moun ki te ame yo, li anonse yo genyen sou lis yo pou atake Palè Nasyonal, Primati, epi yo pral mennen operasyon chache tout minis ak direktè jeneral yo nan yon titan ki pa tro lwen, yon fason pou deboulonnen sistèm pouri sa a, nan peyi a.

Comments are closed.