Bono/Sen Lwi Dinò: sitwayen yo mande Prezidan Jovenel Moise ke motè pou elektrisite li depoze ki prèske gen 3 lane san travay la ap kanni

314

09\07\2020

Bono_____(TRiboLAND) Depi 2017 prezidan Jovenel Moise depoze yon motè pou distribusyon kouran elektrik pou fè “Buzz” nan Bono ki pa menm arive balanse menm pou yon segonn. Swa dizan enstalasyon motè sa ki te destine pou alimante Bono ak Sen Lwi Dinò kòmanse ap kanni alòske tout materyèl abandone tankou travay moun fou lage pasi pala san swivi.

Nan chèche zo nan kalalou, TRiboLAND te sou plas nan espas ki loje materyèl sa yo; sitwayen yo pa kache eksprime endinyasyon yo nan mikro repòtè TRibo yo. Pou konsta anpil moun fè, pa gen oken mouvman ki arive fèt bò kote prezidan an ki genyen yon rekèy manti nan pòch pou pase tout kouch moun nan farin. “Sa fè nou mal pou plis pase 2 lane edmi nou rete ap tan jous nou tounen pwatann; anplis, prezidan an pa jennen pou katafal manti ke li bay chak kote li pase. Li te promèt, se te dènye ane nou fete fèt Bono nan fènwa; poutan, nou pral genyen 3 zan depi se gade nap gade motè a ak lòt enstalation yo kap finn deteryore. Se yon sitiyasyon ki sanble ak kote pichon tonbe”, daprè Lucson yon rezidan Bono ki rete kwè se petèt pitit a pitit li kap fini pa wè akonplisman yon parèy projè ki yon veritab “wont gouvènmantal”.

Pou kèk rezidan nan Sen Lwi Dinò ak Bono, yo pa vle pale de bagay sa ankò. Yo santi ke vrè objektif projè a se te “depoze yon motè nan Bono”, se tou senpleman pou fè “buzz” yon fason pou te jwen yon benefis de dout pou promès kanpay san nanm ki te chita sou “elektrisite 24/24 la”. Se te pou te fè konsyans nasyonal la “dodo”.

Foto yo endike se yon veritab pichon ki tonbe sou divès bagay ki koute tèt nèg e plase nan yon espas abandone e san sekirite. Dayè, foto yo montre trè klè ki sa ki konstitye baryè ou kloti pou yon espas ki loje yon seri ekipman ki koute tèt nèg. Abitan yon deklare, yo pa jamè wè teknisyen ki vini sou plas, omwen vinn gade si materyèl yo la toujou. Okontrè, pou anpil moun, yo panse gouvènman an ta byen kontan wè ke vòlè depatcha ekipman sa yo pyès pa pyès yon fason pou yo ka itilize pretèks pou fèmen dosye sa pi fasil!

Nap raple, Bono se yon lokalite ki plase a kelke kilomèt vil Sen Lwi Dinò nan Nòdwès; se zòn natif natal ansyen Senatè Louis Onodieu ke yo te akize ki fè wout krochi ak lajan Leta nan kreye “fo konpayi” lòske li te Kestè nan Sena a, daprè rapò Fondasyon Je Klere yo.

Comments are closed.