Operasyon Lapolis: Gwo batay fè raj jodi dimanch lan nan fyèf gang “Viv Ansanm” nan Delma

567
1
Share:
TriboLAND

11 – 24 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Avèk konplisite plizyè inite nan Lapolis la efektye yon lòt fwa ankò yon operasyon tranble janm nan fyèf enstitisyon gang kriminèl “Viv Ansanm” nan Ba Delma jodi dimanch 24 novanm 2024 la.

Yon parèy operasyon tranble janm, antre nan kad atak san pran souf ke fòs lòd yo deklentche depi yon bon bout tan, pou mete dòmi nan je sangwen mikwòb yo.

Selon enstriksyon chèf Lapolis la, Rameau Normil, inite tout plimay sila yo, pote ayayay anndan perimèt chèf gang pwisan an, Jimmy Cherizier alyas Barbecue. Batay yo ap fèraj depi 10:00 è nan maten, kote ke gwo detonasyon kout zam manman penba tap miltipliye pandan tout jounen dimanch lan.

Bilan yo ta sanble toujou nan pasaj! Sepandan, fòs sekirite yo pa sispann pilonnen kriminèl ki pa sispann jwen bouchon yo depi yon bon bout tan. Nap raple anpil sitwayen deside fè yon maryàj ak lapolis la nan kad enskri gang yo nan program “bwa kale” a.

Share:

1 comment

Leave a reply