Regwoupman “Viv Ansanm” fè yon masak sou popilasyon komin Kabarè a yè jedi 11 avril 2024 la.

824

04 – 12 – 2024

Kabarè, Ayiti____(TRiboLAND) Regwoupman gang Viv Ansanm ki genyen reprezantan Jeff Larose, alyas “Gwo Lwa” ke tout moun konnen sou non Jeff Kanaran, masakre popilasyon Kabarè a nan tèt kole ak yon latriye nèg ak zam, yè jedi 11 avril 2024 la.

Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, fè konnen, genyen plis pase 10 moun ki pèdi lavi yo nan moman gang sangwen yo ta pral anvayi mache kominal la.

Asayan san manman, san papa yo, ki pat epanye pèsòn, vide katouch nan tout direksyon sou manm popilasyon an e menm rive pote ale tout sa yo jwenn sou wout yo.

Comments are closed.