Dokte Frantz Large akonpanye ekip li nan Jeremi òganize dives aktivite sanitè pou make fèt Nwèl lan nan Jeremi.

12 -25- 2025
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) An siy solidarite ak sa yo ki pi vulnerable nan kominote jeremyènn lan, doktè Frantz Large ansyen doktè espesyalis nan zafè medsinn oftalmolojik, pwofite fèt Nwèl lan, pou realize divès klinik mobil atravé katye popilè yo nan Jeremi.
Daprè doktè Large, li menm ak ekip li deside fè jès sa a, jis pou sipòte ak asiste kategori ki pi nan nesesite yo, nan katye defavorize yo nan Jeremi. Frè konsiltasyon yo preske gratis cheri, e medikaman apwoprye yo, se prèske pran pote ale.
Pou doktè Large, se yon privilèj ak yon benediksyon pou li genyen opòtinite pou itilize konesans li nan asiste sila yo ki pi fèb nan sosyete a. Konsa, dòk la pwomèt pou fòme enfimyè ou enfimye nan kesyon oftalmoloji kap disponib nan lopital Sentwann Jeremi. Kidonk, yon inisyativ ki pral fasilite pou fè priz an chaj pasyan yo nan domèn maladi je.






