Insekirite pa sispann mete dlo nan je popilasyon kapwàz la : bandi egzekite yon fanm 55 lane lachman

362
0
Share:
TRiboLAND

12/03/2025

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) 2 bandi ki te sou yon moto nan mitan vil Okap Ayisyen, krible nan mitan yon van panik ak sezisman, Venante Merveille nan ri 2F yè swa madi 2 desanm 2025 lan, selon sa medya lokal yo rapòte.

Temwanyàj lèpasan ta konfime ke se 2 mafwa sangwen ki tap sikile sou yon moto san plak, ki louvri zam sou viktim nan, epwi chape poul yo san difikilte.

Antouka, enfòmasyon yo ta fè konprann ke li te pran yon ti bout tan pou lapolis te rann li souplas; alòske, jij depè Enave Bien-Aimé te asire konsta legal kadav la nan mitan yon foul moun ki tap eksprime mekontantman ou konstènasyon yo fas ak yon parèy vyolans ki fè pati kotidyen yo chak jou ki jou nan dezyèm vil peyi a.

Share:

Leave a reply