Anviwon 82 prizonye jwenn libète yo nan kad batay kap mennen kont fenomèn detansyon an nan Pòtoprens.

940

12 – 21 – 2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon operasyon chèf Pakè Pòtoprens lan, Mèt Elder Guillaume, mennen nan prizon sivil Pòtoprens lan, sòti nan dat 18 pou rive jounen jedi 21 desanm 2023 a, yo arive libere anviwon 82 prizonye nan kad batay kap mennen kont detansyon prevantiv prolonje a.

Majorite moun ki tap kwoupi nan prizon e ki te pase anviwon 4 lane, 8 lane e plis, se yon seri moun ki te komèt yon kontravansyon, deli tankou : moun kite nan diskisyon, vòlò telefòn, laptop, zannimo, ak kèk lòt objè ki pa gen twòp enpòtans.

Anpil prizonye ki te jwenn libète yo tap bat bwavo lakontantman pou chèf Pakè Pòtoprens lan, yo estime ki vin sove vi yo nan prizon sivil sila. Anpil moun k ap swiv operasyon sila, gen gwo dout ak kè kase pou gouvènman defakto Ariel Henri a, pa lage kèk gwo bandi pou vin flannen nan popilasyon an.

Nan sans sa a, chèf Pakè Pòtoprens lan, Mèt Elder Guillaume, fè konnen operasyon an pap fini, lap kontinye pandan tout rès ane 2023 a. Paske objektif gouvènman defakto Ariel Henri a se rive debleye prizon sivil yo kont fenomèn detansyon prevantiv pwolonje a.

Comments are closed.