Jovenel Moise, finalman pale de ensekirite kap taye banda anndan peyi a

378

Pòtoprens____(TRiboLAND) Moun kap pran nòt de enkapasite ak deriv gouvman Moise-Jouthe la, pa ka sonje ki dènye fwa pouvwa anplas la te adrese problem ensekirite nasyonal ki rive nan yon pwen entenab e ki sible nan dènye jou sa yo fanm ansent ak ti bebe, patikilyèman nan kapital la, Pòtoprens.

Finalman, lokatè Palè Nasyonal la, resi prononse’l sou kansè sa ki pa sispan etèn souf petit tè Dayiti chak jou Bondye mete. Nan yon tweet ke li fè sòti, chèf Deta deklare: “zak banditis yo fè tout mete tout moun anndan peyi nan lapèn. Genyen enstriksyon fòmèl ki pase a otorite konsène pou pou ranfòse mezi sekirite yo e sanksyone nenpòt ki koupab ki gen pou wè avèk gwo krim repunyan sa yo”.

Se yon reyaksyon ki pa depaman ak sa ki sòti bò kote PM Joseph Jouthe ou chèf Konsèy Superyè Polis Nasyonal la (CSPN), ki di ke li santi li vekse lè l’ap gade enkapasite PNH la ki pa kapab ranpli misyon’l nan trake gang kap touye ti bebe; e echwe egalman nan misyon’l ki se “Proteje ak Sèvi,” daprè chèf gouvènman an ki tap depoze nan jounal Le Nouvelliste yè madi 4 out 2020 an.

Ta sanble semènn sa ta genyen yon zòrèy ki rale e yon bouch entènasyonal ki di nou fè tròp! Sa pa gen lontan Anbasadè Fransè a t’ap eksprime endinyasyon e denonse konpòtman sanginè group gang sa yo ki pa pran vi moun ki deja ap naje nan mizè pou anyen!

Anpil moun estime ke group gang ame sa yo konstitye pitit prefere pouvwa PHTK a ki pa jamè kache afinite yo pou krèy mons demonyàk sa yo ke yo kreye e ki finalman ta sanble pran kontra pou bwè san inosan chak minit Bondye mete!

Comments are closed.