Manifestasyon kont ensekirite nan Sen Mak

539
1
Share:
TRiboLAND

Par TRiboLAND.com

07 – 29 – 2024

Sen Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou inisyativ Komisyon Dyalòg ak rekonsilyasyon pou Chape Latibonit e Latibonit Kanpe Goumen Kont Ensekirite, yon mas peyizan tout koulè nan diferan rejyon nan depatman Latibonit lan, fè yon sèl vwa jounen lendi 29 jiyè 2024 la nan Sen Mak pou pwoteste pasifikman kont ensekirite. Konsa, yo egzije gouvènman tranzisyon prokire fòs lòd yo bonjan zouti ak materyèl pou konbat bandi sangwen kap opere depi plis pase 3 lane.

Manifestasyon an ki tap layite pasifikman nan zòn Pon Sonde, te vize troup kenyan yo di ki ta dwe deplwaye nan zòn Ba Latibonit lan, yon fason pou ekstèmine ekip sangwen Gran Grif yo ki genten nan tèt li Lukson Elan kap rache separe nan zòn Kafou Peyan, san konte group bandi Kokorat San Ras kap simen laterè nan Lakwa Peris nan Lestè.

Share:

1 comment

Leave a reply