Divès jistisyab, jij ak kèk sitwayèn ak sitwayen pran annotaj nan lakou tribinal sivil premye enstans Tigwav la

808


05 – 06 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Sou lòd komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Pierre Elioth Paul, lapolis pran annotaj jounen lendi 06 me 2024 la, nan lakou tribinal sivil premye enstans la.pran annotaj divès jistisyab, jij, Avoka ak kèk sitwayèn ak sitwayen.

Sitiyasyon sa a, pwodwi, se akoz komisè a, akonpaye jij depè tap tande kèk komi pakè li ta sispèk ki nan itilize siyati li, ak so pakè pou arete, libere epi siswa divès manda.

Jistisyab yo , Avoka yo ak kèk sitwayèn ak sitwayen yo ki te pran annotaj, te move tankou kong, pa manke mo pou denonse komisè Pierre Elioth Paul, yo di ki kap fè show-off lè chwazi pran yo annotaj plis pase 2 èdtan sou pretèks lap tande moun ki ta itilize siyati li pou arete ak libere moun, pandan yo konsidere sa ki pase a, kòm eskandal.


Nan sans sa a, jistisyab yo, sitwayèn ak sitwayen yo, kwè si komisè Pierre Elioth Paul tap fè yon travay serye, li te dwe arete moun li ta twouve sispèk nan kad dosye a, olye li bloke fonksyonman tribinal la ki loje pakè jiridiksyon Tigwav la, nan fè show-off.

Comments are closed.