Barack Obama lonje dwàt sou rezo sosyàl yo ke li konsidere kòm antite kap mòlòlò demokrasi yo

3,086

Ansyen prezidan Etazini an, Barack Obama denonse rezo sosyàl yo ke li konsidere kòm antite kap afebli demokrasi yo

Nan yon gro chita tande ke li fè nan inivèsite Stanford nan Kalifònyà, ansyen dirijan Etazini an lonje dwàt jouda sou yon seri plàtfòm li di kap promote “pi vye bagay negativ atravè monn lan”.

Nan jounen jedi 21 avril la nan “Sillicon Valley”, Barack Obama plede pou regulasyon rezo sosyàl yo. Devan yon odyans avèti, ansyen lidè a tap eseye konvenk patisipan yo sou danje dènye modèl kominikasyon sa reprezante.

Jodia, gro plàtfòm rezo sosyàl yo finn awoyo e yo pa sispann propaje bagay ki pi lèd nan monn lan”. E youn nan sa ki koz deteryorasyon demokrasi yo, gen pou wè avèk gro chanjman nan fason nou kominike ak enfòme”, daprè ansyen prezidan ameriken an. Pou Barack Obama, “enstriman sa yo pa kontrole nou. Nou kapab kontrole yo”.

Se vre, san sipò platfòm sa yo tankou Facebook oubyen MySpaceke mwen pa tap arive elu kòm prezidan Etazini nan lane 2009 – 2017. Obama mete anfaz sou fenomèn dezinfòmasyon kap taye banda sou rezo sosyàl yo. Li reproche tèt li dèske gravite sitiyasyon pat arive mezure.

Ansyen lidè Tonton Sam nan, di li reyalize a ki pwen nou reseptif a yon seri mansonj ak landjèz ou teori konplotè. Li deplore egalman atitid yon prezidan sòtan ki chwazi voye jete yon seri rezilta elektoral ki klè kon kleròz e menm ankouraje moun fè vyolans e mache sou kapital peyi a.

Se nan sans sa Barack Obama tap voye dlo sou Donald Trump, ki te refize rekonèt viktwà Joe Biden. E sa ki pi rèd la, 45èm prezidan Etazini an, ankouraje patizan li yo pran Kapitòl la daso; yon siyasyon ki te koz plizyè moun mouri. Ansyen prezidan an, mande fòk genyen plis pase men ki fèt sou do lwà ki regularize fonksyònnman rezo sosyàl yo, yon fason pou adrese responsablite ak transparans.

Comments are closed.