Grandans : Chanjman nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

02 – 04 – 2025
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Selon yon avi Konsèy Elektoral Pwoviswa (KEP) a mete deyò; se posib pou mesye Philippe Augustin, pandan jounen 4 Fevrye 2025 a arive enstale kòm nouvo direktè ekzekitif Konsèy Elektoral Pwoviswa, a.
Philippe Augustin, ta dwe ranplase nan pòs sila, pwofesè Max Delices, nan jou pase yo ki te nan Grandans. Vizit sila te plis chita, nan kad evalye enfwastrikti elektoral yo, realize konkou pou 2 manm BED ak manm biwo elektoral kominal pou 14 komin depatman an Grandans lan.
Jouk nan moman sa, rezilta konkou sila poko pibliye!






