Minis sante piblik lan, doktè Sinal Bertrand vizite kèk komin nan depatman Grandans lan.

11 – 07 – 2025
Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou evalye dega materyèl ak pou ranfòse kapasite sèvis sanitè yo nan kèk komin depatman Grandans lan, minis sante piblik lan, doktè Sinal Bertrand, ki te akonpaye ekip li ak tout direktè ai direksyon sanitè a nan Grandans ak administris lan madam Kettelie Bien Aimé, vizite sant sante Léon Coicou nan Anzdiklè, premye seksyon kominal Abriko ak lopital Sentantwann nan Jeremi.
Nan kad vizit sila minis lan, nan non ekip ki sou pouvwa a, pwomèt pou ranfòse kèk lopital ak sant sante ke l vizite yo, sou plan materyèl ak resous zimèn, nan objektif pou delivre bonjan sèvis medikal grese sere bay popilasyon an.






