Pastè Phamith Jean Gilles ap rele sekou pou kiltivatè ak elvè yo nan Chabelan

835

02 -20-2023

Chanbelan, Ayiti____(TRiboLAND) Fas ak move kondisyon lavi mas peyizan yo nan komin Chanbelan, kote ke latè pa bay randman ankò, vi a vinn pi chè, leta pa ganranti okenn avantaj sosyal pou peyizan yo, lapli pa tonbe koz tèt mòn yo finn debwaze.

Ewozyon makònen ak secherès, menm zannimo yo ap kraze yon kite sa!

Bagay la rèd tout bon vre pou vye prochen plantè ak elvè komin Chanbelan yo; ki pa konnen ki sen pou yo evoke ak yon parèy kaliko. Gade anwo e gade anba, li pa wè ki kote sekou a ap soti.  Pastè Phamith Jean Gilles pwofite mikro TRiboLAND pou mete 2 men nan tèt.

Li mande “konkou” ak “pote sekou” bò kote gouvenman ak òganizasyon imanitè yo pou voye je gade sila yo ki nan kwen rekile kap pran gro sekous sechrès san parèy nan depatman Grandans lan, pi pwesizeman nan komin Chanbelan.

Comments are closed.