Anpil konstènasyon ak dlo nan je : Yon gro mapou tonbe sou Zile Latòti

Latòti, Ayiti______(TRiboLAND) Nan jounen 27 Oktòb 2025 lan, moun Zile Latòti, patikilyèman nan Fonkiyèz te aprann avèk anpil konstènasyon lanmò Alfred Ducasse alyas Chofè ou amatè Fredo, yon prototip remakab ke remanbre yon latriye kominote agrikòl sou Zile Latòti, nan Nòdwès peyi a.
Chofè Fredo te fèt, premye seksyon Lans Manchèt, komin Latòti, 19 novanm 1961. Li te pati nan peyi lòt bò dlo nan ane 1980, patikilyèman nan peyi Etazini, kote li te travay e aprann yon latriye bagay, sitou nan domèn agwikòl. Fredo retounen nan peyi Dayiti nan ane 1994, e antre danble nan domèn pwodiksyon agwikòl nan kad rebwazman zile a. Li te toujou itilize yon seri gro teknik enpresyonan e repwodwi pepinyè nan objektif pou repwodwi yon seri plant ki tap disparèt.
Chofè Fredo, tankou anpil moun renmen rele li, te egalman yon teknisyen nan òganize jaden kominotè yon fason pout e redwi lavi chè, ki souvan ap sakaje rezidan yo sou zile a. Pwodisyon pwa beseba, mayi ak mayòk se te pwensipal manje lokal ki te make yon seri pwojè ke Fredo tap enplimante nan milye agwikòl la. Fredo ki te genyen yon bon valè peyizan ki tap ede li antrepran yon seri aktivite, te toujou travay anpil pou byennèt peyizan yo. Ankadre yo e fasilite yo jwen yon seri semans nan kad ranfòseman pwodiksyon lokal la.
Prezidan asosyasyon APAT la (Asosyasyon Progresif pouAvansma Tòtigèz), te mouri nan Lopital Lapwent nan vil Pòdpe aprè yon maladi manch long; li ki te dèyè 9 pitit ki se: Alexandra, Clodine, Alexandre, Alin Marie-Ange, Danarose, Christopher, Fred Alindy e Freguy. Seremoni finèb Fredo ap chante nan Antrepriz CAM, nan Panj nan Latòti, jodi samdi 15 Novanm 2025 lan. Ke nanm yon parèy mapou kominotè, repoze nan lapè etènèl! TriboLAND.com eksprime senpati li anvè tout manm fanmiy ak zanmi kòlèg Fredo ke yon parèy travèse mete nan lapèn!






