Lapolis pèdi yon elikoptè nan lanse yon atak janm tranble kont baz 400 Mawozo nan Laplènn: plizyè gro chèf gang ta mouri

320
0
Share:
TRiboLAND

Laplènn, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis ki te melanje ak plizyè lòt inite, arive avèk anpil fraka baz 400 Mawozo, group ame ki mare sosis li ak koalisyon kriminèl “Viv Ansanm”, devanjou maten vandredi 14 novanm 2025 nan Laplènn. Selon enfo yo kap sikile sou rezo sosyàl yo, resèt la ta sanble gra; sepandan yon elikoptè PNH ta detwi, aloske plizyè gro koure ta fè vwèl pou peyi san chapo.

MKJPP e Ti Lyon ki se bwa dwàt Lanmò Sanjou ta pèdi lavi yo nan atak la. Plizyè temwen ta sinyale yon latriye bandi ta pran lyann sou moto kap plonje nan direksyon Kòniyon Gran Bwà. Yon degèpisman ki ta kòm kwa montre laperèz bandi yo ki tap vòltije pou al pran souf yon lòt kote.

Nan gro pote boure a, yon bon valè sangwen ta tonbe anba eksplozyon dwonn anba Mòn Kabwit, e gro zam “Barett” ki te rele 400 Mawozo chè mèt chèmètrès te arive tonbe nan men lapols nan moman dezyèm chèf gang òganizasyon kriminèl la, Ti Lyon ki ta pral enstale “arèt” la ta mouri swit ak yon atak dwòn. Anpil vèsyon ta fè konnen ke Ti Lyon ak yon lòt chèf gang ki segonde gro chèf la, yo tou 2 ta mouri, yon nouvèl ki toujou nan pasaj pou ta konfime.

Lapolis pandan jounen vandredi 14 novanm sila, pap pran tan pou te demanti dosye ilikoptè, kòm kwa bandi yo ta desann nan. Yo ta konfime efektivman operasyon an e esplike kòman youn pami 3 ilikoptè ki te enplike nan atak la te oblije fè yon aterisaj fòse swit ak yon malmakak mekanik. Konsa, ekipaj la te oblije abandone aparèy la e kouri prese prese pou rejwenn yon gwoup polisye ki tap fè pye sòl. Kèk vèsyon ta bat bwavo, sou pretèks se bandi sangwen yo ki ta arive desann elikoptè PNH la; yon enfo ke moun ta kapab obsève nan yon video sou rezo sosyo yo.

Antouka, lapolis ki ta melanje ak mèsenè Prince yo, atake san zatann baz kriminèl Lanmò Sanjou, yon demach ki sispèk ki pa manke attire atansyon popilasyon ayisyèn nan, kote yo ta kesyone dènye atak lapolis yo kont Bawon Plenn nan Pip Plip. Yon seri atak ki pa sispann pran chè swit ak denonsyasyon Bawon ki ta mete dosye ou aktivite dwòg ak ògann patwon li Andy Apaid nan lari.

Pou anpil moun, atak kap miltipliye yo, genyen anpil pou wè avèk atak Apaid ki achte Leta koupyon an, ki pa pwofite trennen Andy Apaid devan lajistis fas ak yon parèy dosye ki ta menm sanble deja anba men entènasyonal la, sitou nan kontèks kote administrasyon Donald Trump lan detèmine pou eradika gro aktivite dwòg kap taye banda nan rejyon Amerik Latinn nan ak Karayib la.

Pou lòt moun, kòm toujou, lapolis ap fè yon djòb sal santifò, ki pa fè onè enstitisyon an ki se yon verib kansè reselè kont pèp ayisyen an. Otorite yo ki petèt genyen anpil pou wè avèk plantasyon dwòg Laplèn, pa anbarase itilize tout asnal yo pou atake e reprann plantasyon dwòg Andy Apaid la ki tonbe anba kontwòl anplwayè li yo, tankou Lanmò Sanjou elatriye ki mete anpil gro kakachat nan lari. O non Papa a ak Pitit la epi Bòz!

Share:

Leave a reply