Jovenel Moise ap mache pyon touristik nan Gran Nò a

386

09\25\20

Latòti_____(TRiboLAND) Jovenel Moise pa sispan bouje nan jou sa yo atravè peyi a, malgre chalè chodyè politik la ki rive nan apoje li. Sous TRiboLAND arive dekouvri toune prezidan nan Gran Nò patikilyèman nan fè va e vyen soti Okap nan yon bato e rive sou zile latòti jodi vandredi 25 septanm 2020.

Prezidan Jovenel Moise debake ak yon seri envèstisè ameriken sou zile Latòti nan kad yon seri demach devlopman ekonomik ak sosyàl ki kapab pote amelyorasyon pou eskanp fiki Latòti ki yon kwen rekile sou tèritwa nasyonal la, alòske rantabilite touristik yon parèy lokalite pa piti.

Vizit sa te chita sou yon seri potansyèl touristik ki kapab resisite zile a. Bato prezidan an ki te genyen plizyè envèstisè etranje pami yo atis ameriken an, Kany West te pran direksyon Lapwent Wès, yon paradis ki ofri pi bèl plaj sab blan nan Karaib la. Ekip la te pran egalman direksyon Kayònn, kapital zile a, kote ke prezidan tap adrese’l ak yon foul moun ki pat sispan bat bwavo fas ak yon seri promès prezidansyèl.

Jovenel Moise, nan kad promès li fè sou zile a, promèt avan lontan amelyorasyon pis aterisaj Lapwent Wès la; pwojè pou distribye elektrisite sou zile a pap pran anpil tan pou demare; travay reparasyon yon seri gwo aparèy anjen lou pou konstriksyon wout depi sou Laurent Lamothe ki te disfonsyonèl deja ap prepare ak plizyè lòt projè ki gen pou wè avèk devlopman ekonomik konstitiye yon veritab panye espwa ki karakterize pasaj Jovenel Moise avèk envèstisè yo akonpanye rapè milyadè ameriken an “Kany West ki te nan Lapwent Wès” sou zile Latòti a jodi vandredi 25 septanm lan.

Konsa, prezidan te retounen nan Okap Ayisyen pou lòt projè e konte retounen demen samdi 26 septanm ankò nan Nòdwès patikilyèman nan Pòdepè, lokalite Aubè pou inogirasyon 4 sant jemoplas, zòn rezidansyèl prezidan an.

Comments are closed.