Enjenyè minisipal akonpanye polis minisipal yo konte konstwi yon tipon nan lokalite Koray Gicha 3èm seksyon Dègranj.

840

01 – 27 – 2024

Senlwidinò,Ayiti__(TRiboLAND) Sou enfliyans òganizasyon Tèt Ansanm pou Devlopman Koray Gicha, 3èm seksyon Dègranj, enjenyè minisipal yo, Moise ak Guitenber diskite e valye konstwiksyon yon ti pon sou Rivyè Mapou nan lokalite Dègranj.

Yon parèy pwojè pon, kreye anpil pwoblèm ekonomik pou moun kap viv nan seksyon 3èm nan. Responsab OTDEK la, Pierrilien Nicol mande tout aktè nan lavi nasyonal ak entènastonal la pou ede yo mete men nan reyalizasyon yon inisyativ ki konte soulaje youn nan pwoblèm majè popilasyon an.

Travay yo prevwa demare nan mwa mas 2024 la; kèlkeswa montan ap koute a. Dirijan òganizasyon Tèt Ansanm pou Devlopman Koray Gicha la, fè konnen yo disponib pou kòmanse chantye a ak sipò tout pitit zòn nan e ak tout aktè bònn volonte ki vle asiste yo nan peyi Dayiti ak konkou dyaspora a kap vin deyò peyi a ki renmen bèlte lakay yo.




Comments are closed.