Yon bato koule nan kanal Latòti, tout moun ak chay la sove

461
0
Share:
TRiboLAND

Latòti, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan kanal Latòti, yon bato ki tap soti Okap pou Miragwàn chavire pandan vwayaj li a. Daprè rapò ki vini, sou bato a te gen 16 moun, yon chyen, ansanm ak 8 650 sak diri. Gras ak vijilans ak rapidite entèvansyon moun nan zòn nan ak otorite yo, tout moun ki te sou bato a ak chay yo te rive rekipere.

Majistra Zile a, Max William Etienne, fè konnen se ajan BLTS yo ki te lanse alèt la sou prezans bato a ki te gen difikilte sou lanmè a. Imedyatman, yo te mobilize resous yo yon fason pou yo rive sou plas e pèmèt yo chape tout moun yo ki te an detrès.

Majistra a fè konnen, li pa ka konfime non bato a paske li te deja chavire; li deklare se gras ak Papa Letènèl ki fè pa gen okenn viktim ki anrejistre. Moun ki te sou bato a e ki te bezwen swen yo te transpòte prese prese nan lopital Lapwent, tandiske lòt yo ta sanble te pran direksyon lakay yo.

Nan deklarasyon li, Majistra Etienne pwofite mande otorite santral yo pou yo alimante SEMANA ak plis mwayen, paske enstitisyon sa a souvan ap fè fas kare ak gwo difikilte lè gen ijans sou lanmè.

Share:

Leave a reply