Yon batiman ki asire transpò Kap Ayisyen – Senlwidinò fè nofraj: 2 moun mouri tout machandiz al tèt dwàt anba lanmè.

1,055

12-09-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon batiman ki asire transpò Okap – Senlwidinò fè nofraj nan sware jedi8 desanm 2022 a, nan moman li tap soti Okap pou rantre nan komin Senlwidinò. Selon responsab Semana nan komin nan ki se Mèt Frenèl, batiman sila te chaje ragagann avèk siman, fè, kleren, gaz e latriye.

Pami moun ki te abò batiman an: ou jwen 4 maren ki arive sove malgre gen youn pami yo ki nan yon eta kritik, answis 2 sè nan yon fanmiy ki mouri nwaye. Jis koulya yo ponkò konfime ki kantite moun ki te abò batiman sila ki lage nan kouri yon pakèt malere malerèz ki te genyen ti demele nan men yo.

Responsab Semana a nan komin Senlwidinò attire vijilans popilasyon an nan pran anpil prekosyon espesyàlman nan fen lane a pou pa gen plisdlo nan je nan chèche lavi detwi lavi.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.