Mèri Pòdpè pran mezi pou mete lòd sou ri Dumarsais Estimé

11/01/2025
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Administrasyon Kominal Pòdpè fè konnen, atravè yon kominike ofisyèl (#28), li entèdi tout operasyon mache, estasyonnman machin, kamyon, kabwèt, ak lòt mwayen transpò sou ri “Dumarsais Estimé” a, depi nan kwen ri Gefrard rive sou plas Dam nan. Daprè otorite yo, mezi sa a pran pou libere twotwa yo ak pou pèmèt pyeton sikile san pwoblèm.
Nan kominike a, Ajan Egzekitif enterimè Pòdpe a, Josué Alusma fè konnen sèvis vwari meri a ansanm ak lapolis ap veye pou aplikasyon desizyon sila. Tout moun ki pa respekte lòd sa a, ap arete e machandiz yo ap sezi, epi yo ka pran twa mwa prizon ak yon amann 25,000 goud.
Majistra a mande kolaborasyon tout sitwayen pou mete plis lòd ak disiplin nan sant vil Pòdpè a. Mezi sa a ap antre an aplikasyon lendi 10 novanm 2025.
Administrasyon an fè konnen li pran desizyon sa a nan lide pou amelyore sikilasyon, sekirite ak imaj vil la.






