Gang ak Ensekirite nan Sen Lwi Dinò : Komisè Gouvènman Jeir Pierre pran dosye a an men

284
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad ankèt kap fèt sou sitiyasyon gang ak ensekirite kap brase bil komin SenLwi Dinò a, Komisè Gouvènman Pòdpè a, Me Jeir Pierre, lanse yon seri demach legal pou klere opinyon piblik la sou dosye a.

Jedi 16 Oktòb 2025, Majistra Gaston Estima ap parèt devan lajistis pou reponn kesyon sou dosye a. Lendi 20 Oktòb, plizyè lòt pèsonalite lokal ap oblije reponn envitasyon pakè a, pami yo:

Edward Tisdor
Réginard Pierre
Erna Duroseau
Seclaires Lafrance
Dias Espérance
Kensy Duroseau
Berna Duroseau

Objektif inisyativ sa a, se mete limyè sou relasyon posib ki ta egziste ant kèk figi enpòtan nan komin nan ak gwoup gang yo ki ap simaye laterè nan rejyon Sen Lwi Dinò a.

Share:

Leave a reply