Pòdpè: Fas ak yon nich pwoblèm, Kazèk sizyèm seksyon an pa konnen ki sen pou li rele

423

Pòdpè___(TRiboLAND) Kowòdonatè kazèk sizyèm seksyon Polen Lakònn, komennn Pòdpè a ke se Jimmy DERISMA prezante jounen samdi 13 jwen 2020 an plizyè pwoblèm seksyon lap dirije a ap fè fas depi yon bon bout tan.

“Pa gen vi ditou” sin ta vle kwè pawòl kòdonatè kazèk la: pwoblèm enfrastrikti woutyè, pwoblèm sanitè, grangou, sechrès, zannimo ap tonbe mouri, peyizan yo dekapitalize, poun site sa yo sèlman mete sou pwoblèm lavi chè a kap taye banda.


Yon lòt bò, Kazèk la pale sou konjonkti politik la, ki dapwè li menm fewòs anpil. Li estime ke anviwonman pa apwopwiye ase pou aktivite eleksyon. Pou Derisma, leta fayi nan misyon li nan pwokire bezwen pwimè yo.

Kazek la konfime ke li antreprann yon latriye demach bò kote pouvwa santral la ki pa mande li sa li pote pou vann, se “nad marinad,” se pale mete la e anyen pa janm materyalize!

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.