Re-ouvèti pawas Seterèz nan Gaspa 4èm seksyon Rivyèdèba

2,558

05-30-2022

Gaspa, Senlwidinò_____(TRiboLAND) Pawas Senterèz nan Gaspa 4èm seksyon Rivyèdèba te fèmen pòt li akoz ensekirite ki te genyen espesyalman nan 4èm seksyon Janklè toupre Gaspa.

Yè dimanch lan Monseyè Batelus akonpanye popilasyon an ak otorite nan komin nan, prosede ak re-ouvèti pòt pawas la avèk Pè Julio Onoré. Yon seremoni ki te dewoule anprezans diferan otorite ak enstitisyon nan depatman Nòdwès la.

Pou fidèlkatolik, yo se yon gras yo jwenn nan men Monsenyè paske yo te gaye san bèje . Men, avèk prezans, Pè Julio yo pral travay ansanm pou tabli plis asurans sou wout syèl la.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.