Popilasyon an nan lokalite Kourèt poze lapat sou 2 prezime kriminèl manm enfliyan gang 400 Mawozo epi remèt yo bay lapolis.

731

Djerry Médé ak Jean Jude Thomas se 2 prezime gang 400 Mawozo, popilasyon an poze lapat sou yo epi remèt yo bay lapolis.

05-23-2023

Kòniyon Granbwa, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon an nan lokalite Kourèt poze lapat sou 2 prezime gang 400 Mawozo, epi remèt yo bay lapolis ki mare yo kou krab, jounen madi 23 me 2023 a.

2 prezime gang kriminèl sangwen sa yo se, Djerry Médé ki tap opere sou non Jeral, ak Jean Jude Thomas, tou 2 se moun Tomazo. Enfòmasyon yo fè kwè, 2 prezime kriminèl yo, te kite lokalite Foudòch, pou tante rantre sou tèritwa peyi vwazen an, repiblik dominikèn.

Bandi sangwen sa yo kite espesyalize nan bwakaj, kidnapping, vòl ak men ame ak fè fo patwouy ap reflechi koulya dèyè kat miray jiskaske yo parèt devan jij nòmal yo.



Comments are closed.