Jan Rabèl :Yon gwoup pwofesè mande entegrasyon yo anndan sistèm edikatif ayisyen an

258

01/19/21

Jan Rabèl______(TRiboLAND) Yon gwoup pwofesè ki te reyisi nan yon konkou leta ayisyen ak BID t ap òganize nan entansyon yo, nan lane 2017, depatman Nòdwès, denonse ministè edikasyon nasyonal yo di ki refize entegre yo anndan sistèm nan. Pwofesè sa yo kit e dwe anboche pou yon dizèn etablisman eskolè BID te konstwi nan divès seksyon kominal Jan Rabèl.

Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet, ki pa deside nome anseyan sa yo, te prefere ba yo yon kontra nan PSUGO kote yo gen plis pase yon lane depi yo pa janm touche yon goud nasyonal.

Pwofesè sa yo ki estime minis Agénor Cadet ap woule yo nan farin, oblije òganize yon sitin jounen lendi 18 Janv 2021 an, devan legliz Saint Jean-Baptiste la, nan Jan Rabèl pou egzije entegrasyon yo ak nominasyon yo san pèdi tan anndan sistèm edikatif ayisyen an. Anseyan sa yo ki te vrèman ankòlè, sèmante 70 fwa 7 fwa: “yo p’ap mete pwent pye yo nan sal klas yo tout otan minis Cadet pa reponn ak demann yo ki se entegrasyon yo anndan sistèm nan, ki se pa yon kado.

N ap raple se Bank Entèamerikèn pou Devlopman (BID) ki te konstwi lekòl sa yo nan komin Jan Rabèl, depatman Nòdwès. Yon pwojè ki te vize pou pèmèt leta ayisyen nonme pwofesè yo atravè yon konkou depi nan lane 2017. Konsa, leta ayisyen totalman bliye egzistans sitwayen say o ki se espesyalis nan zafè distribisyon pen lenstriksyon.

Pami lekòl nasyonal sa yo nou kapab site: lekòl Nasyonal Basen Ble ki nan Jan Rabèl, lekòl Nasyonal Zèbaflèch, Babpanyòl, Meteye, Fonramadou, Dame ak lekol Nasyonal Pelisye, pou n site sa yo sèlman.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.