Yon gwo bandi notwà tonbe nan troke kout zàm ak lapolis nan komin Jan Rabèl

435

05/19/2021

Jan Rabèl______(TRiboLAND) Michel Blanc alyas “Buffalo”, se yon ansyen depòte ke lapolis tap chèche kon chyen fou ki arive mouri jodi mèkredi aprèmidi 19 me nan antre komin Jan Rabèl la, nan zòn Vensan dapwè sa yon korespondans benevòl rapòte sàl redaksyon TRiboLAND. Enfòmasyon yo fè eta de yon evantyèl kwàzman ke lapolis te fè avèk Buffalo avan yè. Se yon bandi ki wè ademi ak akoz yon pwoblèm vizyèl e li te deja annafè ak lapolis ki tap chèche li tankou chyen fou poutèt yon dividal krim.

Pandan kwazman an, ansyen depòte a ta sanble te genyen yon zàm sou li nan moman ke chèf lòd yo t’ap fouye li; konsa, li te leve kouri e polisye yo te tire dèyèl. Michel te arive chape poul li ak yon bal nan ponyèt.

Chèf lòd yo te ale pi lwen menm nan tann zatrap pou Buffalo ke yo te deja konnen ki aprè ta pràl fè manèv pou jwen swen medikal. Konsa, nan chèche wout laswenyàj, polisye yo arive bab pou bab ak Buffalo, plizyè echanj kout zàm te fè kenken e pwezume bandi a arive tonbe e ta menm genyen plizyè reselè ki te la avèl ki arive blese tou, korespon dan benevòl la.

Nap raple, Buffalo se natitif natal Bòdmè Jan Ranbèl, yon ansyen depòte ki toujou mete komin Jan Rabèl tet anba. Se jij Sipleyan tribinak depè Komin Jan Rabèl la, Me Jean Francois Carl Jean Ruben ki te fè konsta legal yo.

Comments are closed.