Ogmantasyon pri gaz la soulve kesyon sou salè, Deus Deronneth mande ajisteman li prese prese

04/06/2026
Marigo, Ayiti _____(TRiboLAND) Ansyen depite Marigo a, Deus Deronneth, leve vwa li apre desizyon ogmante pri gaz la, pandan li mande gouvènman an pran mezi rapid pou ajiste salè anplwaye nan administrasyon piblik la. Daprè li, nan yon moman kote lavi ap vin pi chè chak jou, li enpòtan pou salè yo monte pou pèmèt sitwayen yo kontinye fè fas ak bezwen debaz yo.
Li mande tou pou salè minimòm nan ogmante, paske selon li, majorite popilasyon an deja anba gwo presyon ekonomik. Ansyen palmantè a kwè si pa gen yon repons sosyal ki akonpaye mezi sa a, anpil fanmi ap vin plis plonje nan mizè, sitou ak ogmantasyon pri transpò, manje ak lòt sèvis esansyèl yo.
Apiye sou done Pwogram Alimantè Mondyal la, li raple plis pase 6.5 milyon Ayisyen ap soufri ensekirite alimantè. Pou li menm, sitiyasyon sa a ka vin pi grav si Leta pa aji prese prese pou pwoteje moun ki pi vilnerab yo kont konsekans kriz ekonomik la.






