Ayiti Vyolans: Kowòdonatè depatmantal AJNO, deklare zak asasinay jounalis Petion Rospide pap pase menm jan ak bèf Seyid-la

190
0
Share:
TRiboLAND

PÒDPÈ_(TRiboLAND)  Reyaksyon AJNO (Asosiyasyon Jounalis Nódwès) kondane ak tout fòs li zak asasinay lanmò jounalis RSF la, Pétion Rospide alyas Douz, ayèswa kèlke minit apwè li te finn fè yon emisyon.

AJNO deklare li lè, li tan pou mòd vye pwatik aryere sa yo kaba nan peyi isit. Kesyon elimine lavi pitit Bondye pou konviksyon yo se zak voryen ak ensinifyan ki poko pare pou viv nan sosyete..

AJNO egzije pou limyè blayi sou lanmó jounalis Pétion e li mande konkou pwès  Nasyonal ak Entènasyonal paske krim sa-a pap pase tankou bèf Seyid-la nan rete bwa kwaze ak ankèt sepouswi, deklare kowòdonatè depatmantal AJNO, Ychmuth Corneille.

Share:

Leave a reply