Kòdonatris FRENO a denonse vyolans gwoup gang ame sou fanm nan depatman Nòdwès la.

887

03-09-2023

Madam Angelet Guillaume, kòdonatris fanm rezistans Nòdwès, denonse vyolans ak zam kap fè sou medam yo, jounen jedi 09 mas 2023 a.

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou akòde nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, kòdonatris Fanm rezistans Nòdwès la, madame Angelet Guillaume fè konnen, anpil fwa vyolans kap fèt sou medam yo fwape’l jis nan zo.

Guillaune kontinye pou’l lonje dwàt li byen long sou baz Kokorat San Ras, li di ki bloke tout aktivite medam yo, ale wè pou yo ta vakye ak aktivite yo.

Li soulinye gwo anpechman ak gwo difikilte medam yo ap rankontre sou wout Tibwadòm nan, lèl fè konnen, medam yo prèske pa kapab sòti Pòtoprens ak nan lòt vil yo pou rantre nan Nòdwè; e lè yo ta riske rantre,yo pwan tout sa yo genyen epi vyole yo kòm benefis.

Plede anfavè medam yo, kòdonatris Angelet Guillaume, mande ak kouch moun sa yo, bay medam yo yon chans, epi mande ministè feminin ak ministè jistis fè yon jefò pou kaba vyolans kont medam yo.

Comments are closed.