Senlwidinò Krim: Yon moun mouri asasinen ak bal jedi douvanjou 25 me 2023 a lòtbò dlo Rivyèdèba.

878

05-25-2023

Senlwidinò Ayiti___(TRiboLAND) Deja Liberis, se non yon komèsan byen koni ki abitye vann poul nan mache Rivyèba, nan komin Senlwidinò, ki mouri anba bal bandi moun pa rive idantifye.

Enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND ta fè konprann ke se nan leve devanjou byen bone nan wout pou al achte machandiz Pòdpè. Deja pran nan yon zatrap maten jedi 25 me 2023 a. “Yo pran li nan yon anbiskad”, daprè Marie, youn nan obsèvatè ki te nan yon foul moun ki tap konstate kondisyon kadav la ki tap flote sou dlo.

Aprè konsta legal kadav la, jij depè komin Senlwidinò, Ederne Lubin pat pran tan pout e remèt kò san vi a bay fanmiy defen ki pat ka kenbe dlo.,ki remèt kò a bay fanmiy li pou mete nan mòg.

Comments are closed.