Kòdonatè initiativ pou kore peyizan yo, Angello Frederick, kritike konpòtman pwofesè lekòl piblik yo nan Jeremi, ki chwazi bloke kòmansman ane lekòl lan.

257
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Kòdonatè initiativ pou kore peyizan Grandans yo, Angello Frederick kritike atitid ak konpòtman anti demokratik pwofesè lekòl piblik yo nan Grandans. Edikatè sila yo, ki pa mete pwent pye nan oken etablisman eskolè leta pou semèn kòmansman ane akademik 2025- 2026 lan, deja trase yon move presedan pou peryòd la.

Pou kòdonatè (INIKÒP) lan, mesye dam yo, pandan nèf mwa ki sot pase yo, touche lajan task pèp lan, san ke yo pat al fè lekòl, plis twa mwa vakans; vwala ke pou jounen mekredi premyè oktòb la, pou yon ènyèm fwa anķò, pwofesè yo te deside pou sabote ouvèti lekòl la pou pitit sòyèt yo pa jwenn edikasyon.

Fas ak konpòtman anachik sangwen pwofesè lekòl piblik yo, ki chwazi al fè lekòl nan kolèj yo, san rann kont bezwen pitit peyizan yo ak mas pèp lan, Angello Frederick nan non (INIKÒP), mande pou leta koupe yon pousantaj chak mwa sou sa lap peye pwofesè krizokal sans konsyans yo nan depatman Grandans lan. ‎

Share:

Leave a reply