KOFAGA ak sipò ekonomik CRS, òganize plizyè jou fòmasyon ki baze sou vyolans kont fanm ak ti fi.

850

02 – 19 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Nan kad lit kont vyolans baze sou fanm ak ti fi, Konbit Fanm Grandans (KOFAGA), ak sipò ekonomik Catholic Relief Services (CRS), òganize plizyè jou fòmasyon, sou tèm
“Fanm ou pa pou kont ou”.

Medam sa yo, ki apeprè yon trantènn fanm ki sòti nan divès òganizasyon depatman Grandans lan, non sèlman resevwa fòmasyon adekwat pou al fòme lòt fanm anndan òganizasyon fanm yo reprezante yo, men tou resevwa sètifika pou patisipasyon yo nan yon si gwo sòlòkòtò.

Pandan tout seyans fòmasyon yo, sou keksyon vyolans, kont fanm ak ti fi, diferan patisipan ki te patisipe nan sik fòmasyon yo, pwomèt pou al travay ak lòt manm òganizasyon fanm yo, ki pat genyen chans prezan nan seri aktivite sila yo, ki klotire aswè 18 fevrye 2024 lan nan Jeremi, lokal Carl Édouard Peeters.

Comments are closed.