Pwofesè Jean Lavaud Frédéric se dezyèm kandida pou pòs senatè ki enskri nan BED Grandans lan.

194
0
Share:
TRiboLAND

11 – 01 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Li te nan vè dizè nan maten vandredi 30 oktob 2026 lan pwofesè Jean Lavaud Frédéric akompanye ekip politik li, fè depo orijinal pyès li yo pou pòs senatè nan Grandans, selon atik 153 dekrè lwa elektoral an vigè a.

Jean Lavaud Frédéric ki genyen yon eksperyans poze kandidati li kòm senatè pou depatman Grandans, kwè fwa sa a, sitwayènn ak sitwayen yo nan Grandans ap eli li depi nan premye tou kòm premye senatè.

Sou yon efektif senk kant kat kandida ki enskri anliyn pou pwochèn konpetisyon elektoral yo, plizyè dizènn nan kandida pou pòs senatè, depite, majistra kominal, delege vil, konsèy administrasyon seksyon kominal yo, e manm asanble seksyon kominal yo genyen gro difikilte pou lapolis delivre yo pyès sètifika polis.

Pou rann eleksyon yo posib atravè 14 komin depatman an, manm popilasyon an ki genyen laj pou vote egzije direktè santral polis jidisyè a nan Pòtopwens pou dekonsantre sèvis lan jan sa te anonse a. Konsa, sa ap pèmèt nan nivo direksyon depatmantal bay moun ki bezwen sètifika polis yo jwenn yo san tèt fè mal.

Share:

Leave a reply