Kavali AS sanksyone pou pa patisipe nan konpetisyon Konnkakaf pandan 2 lane.

2,518

Louis Jameson

03/05/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Klèb Kavali AS ki soti leyogann pral pase 2 lane san patisipe nan konpetisyon Konnkakaf woule boul chak ane yo, swit ak refi Anbasad Etazini ba yo pou pa pile tèritwà ki rele Tonton Sam chèmèt chèmètrès.

This image has an empty alt attribute; its file name is image-38.png

Otorite Konnkakaf yo ki se veritab òganizatè, sanksyone Kavali AS pou peye yon amann 30.000 dola ameriken sann pa bliye tou yon ranbousman ki estime 140.000 dola vèt avan 60 jou; kidonk 3 me 2022 se va dènye delè pou magogo sila peye.

Nan sans sa, opinyon piblik la kwè se yon fòm diskriminasyon Klèb leyogann lan sibi malgre efò dirijan ekip la te fè e yo te menm ekri responsab Konnkakaf yo pou panche epi reflechi nan lide pou repòte match sila, malerezman men anyen pat rive fèt nan ka sila.

Comments are closed.