Jan Rabèl Fowòm lanse mouvman “Katye pam pi bèl”

641

12-26-2022

Jan Rabèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Jan Rabèl Fowòm, lanse enskripsyon pou tout katye nan komin Jan Rabèl la vin enskri nan “Katye pam pi bèl”.  Waldex ki se vis Prezidan Jan Rabèl Fowòm, te pale ak Laprès pou te bay kèk detay sou pwosesis enskripsyon yo. Plizyè katye deja enskri daprè vis Prezidan an, tankou: Kwakou, Mòn Pastè, Site jan Mary, Ri Sen Pyè, Gran Ri, Vilaj Pera e Lisidonya. Yap tann enskripsyon lòt katye toujou; responsab katye a, dwe pase bay non li ak nimewo telefòn li, lakay Dukens Jean Baptiste ki nan Ri Sen Pyè.

Chak katye ki enskri ap jwenn : bale, fisèl, penti, papye fen, gan, kachnen, ak tout sak nesesè pou netwayaj ak dekorasyon an. Prim kap genyen pou remèt 31 desanm a twa katye ki pi pwòp yo, Aprè yon komisyon fin evalye katye yo, 3 premye katye yo ap resevwa kòm pwim :  lajan, ak materyèl tankou bourèt, pèl, rato, bale ak lòt bagay kap pèmèt moun yo kontinye kenbe katye yo pwòp.

Òganizatè swete wè tout moun pote kole, yon fason pou rann katye yo bèl nan fen ane a, ak kenbe pwatik sa. Se pa pwim yo ki enteresan, men se inisyativ la ki dwe yon reyisit nan komin Jan Rabèl la. Jan Rabèl Fowòm, se yon òganizasyon ki abitye òganize fwa nan komin Jan Rabèl la; konsa, li lanse egalman nan aktive netwayaj pou byen nèt komin lan. 

Waldex fini pou envite tout pitit Jan Rabèl pou yo pote kole pou yon lòt Jan Rabèl paske si tout bagay ap fonksyone nan komin lan, se ap fyète tout pitit Jan Rabèl.

Comments are closed.