Fondasyon TRiboLAND medya: atelye fòmasyon gratis sou enstalasyon pano solè nan vil Pòdpè ak Senlwidinò.

1,260

Fondasyon TRiboLAND medya, deside kouri dèyè delenkans jivenil kont jèn yo tout bon vre nan peyi Dayiti.

01-30-2023
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sousi pou konbat delenkans jivenil ak dote lakay tout jèn yon konpetans abilite, TRiboLAND medya yon lòt fwa ankò ap prezante samdi 4 fevriye, yon jounen fòmasyon gratis sou sistèm solè fotovoltayik nan kolèj E. Batis Peniel nan vil Pòdpè.

Veritab twal defon seminè a se : se konnen pi byen yon jeneratè fotovòltayik, konsomasyon dimansyonman batri, regilatè, ennvètè, kab, branchman, devi, mentnans, poun site sa yo sèlman.

Sou lobedyans yon ekip operatè solid, TRiboLAND medya vle rann seminè a kosto; konsa, yon Injenyè maton ki natif natal Pòtoprens, deja nan depatman Nòdwès la ap tann yon latriye patisipan ki vle dedouble nan domèn enstalasyon pano solè a.

Konsa, enterese yo ki petèt fè pati gro fanmiy chomeko ou kalewès atravè depatman Nòdwès, jwèt pou ou! San pèdi tan, kouri prese enskri pandan yap rele nan nimewo 43222434 (pòdpè).

Nap raple menm fòmasyon sa ap fèt egalman nan vil Senlwidinò, dimanch kap 5 fevriye 2023 a. Pou enfo ak enskripsyon rele nan nimewo 37865449 (senlwidinò).

Comments are closed.