Gouvènman ayisyen an anonse konstriksyon 3 nouvo sant kaseral nan dimansyon entènasyonal

480
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Minis jistis ak sekirite piblik la, Doktè Patrick Pélissier, nan yon entèvansyon li fè jodi lendi 5 me 2025 lan sou yon radyo nan kapital la, anonse konstriksyon 3 gro sant kaseral atravè peyi Dayiti. Selon minis KPT a, konstriksyon sa yo vize pou ranfòse sekirite ak pou degòje yon seri etablisman kap mal mache.

Daprè mesye Pélissier, genyen anviwon 2000 moun ki nan pwizon kap viv ak VIH, pami yo genyen apeprè 500 ki nan yon sityasyon ki trè kritik akoz yon seri èd ameriken ki diskontinye. Konsa, minis Jistis la te pwofite reyitere vonlonte li pou li modènize sistèm penitansye peyi a.

Nap raple, konstriksyon sila yo, konte erije nan depatman Nò, Sant ak Sid peyi Dayiti, daprè minis Pélissier ki tap depoze jounen lendi 5 me 2025 lan nan Pòtopwens.

Share:

Leave a reply