Ayiti klase pami peyi ki pral resevwa asoupisman dèt nan men FMI

0 398

Wachenntonn___(TRiboLAND) Ayiti fè pati 25 peyi ke Fond Monétaire International deside aleje dèt yo sou tit fon fidisyè (ARC) ki antre nan kad mezi ke òganizasyon an pran pou ede peyi konpayèl yo fè fas ak konsekans kilbitaj pandemi kovid-19 la.

Kristalina Georgieva ki se Direktris (FMI), deklare jodi Madi a ke se peyi afilye ki pi pòv yo ak sa ki pi vilnerab yo kap pral resevwa don kap pèmèt yo rekouvwi yon seri obligasyon anvè FMI pou yon period inisyal de 6 mwa; konsa sa pral pèmèt yo konsakre yon pi fò pati nan tikal resous finasyè yo pou swen medikal ak lòt efò pou pote men fò an ka ijans ki enpòtan.

Peyi ki pral benefisye asoupisman sèvis dèt yo ou jwenn: Malawi, Ayiti, Liberya, Repiblik Demokratik Congo, Yémen, Togo, Tchad, Madagascar, Repiblik Santafwikènn, Sera Leyonn, Sao-Tomé, Niger, Gambi, Lil Solomon, Afganistan, Népal, Ayiti, Wannda, Tadjikistan, Gine Diso, Gine, Komorès, Boukina Faso ak Benen.

Leave A Reply