Prezidan komisyon kominal Mowon an demanti pawòl ki ta fè kwè ki li fè wout kochi ak lajan pwojè komin lan.

357
0
Share:
TRiboLAND

Mowon, Ayiti_____(TRiboLAND) Agwonòm Noëlsaint Getro, prezidan komisyon kominal Mowon an, fas ak mouvman leve kanpe kont li nan tèt admnistrasyon kominal la, voye jete tout akizasyon detounman magogo pou komin nan.

Pou majistra Getro, kontrèman ak sa manifestan yo ap klewonnen ke l genyen nan menm li 2 milyon goud pou konstri konplèks administratif, 13. 5 milyon pou plas piblik, lajan simityé ak lòt ankò; pou prezidan komisyon kominal Mowon an, pa genyen oken verite nan sa moun ki pa danse kole ak li yo ap di yo.

Majistra a ki swete wè lapè retounen nan komin Mowon anvan ouvèti lekòl, mande moun kap manifeste chak jou kont li yo, bay chans timon yo chans pou yo retounen lekòl, e mande lapolis retabli lòd nan komin lan e facilite lib sikilasyon pou malerèz ak malere vake nan aktivity yo san tèt chaje.. ‎

Share:

Leave a reply