Asosyasyon Ajan Sekirite Pwofesyonèl yo, prevwa foule beton an, nan jou kap vini la yo.

786

06-26-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non, Asosyasyon Ajan Sekirite Pwofesyonèl yo nan Dèlma, e ki adrese ak medya yo, responsab asosyasyon sila, anonse yo pral foule beton an, nan dat madi 27 jen ak mèkredi 28 jen 2023 a, nan lide pou mande respekte dwa yo.

Nan nòt sa a, manifestan yo konte kòmanse ak sòlòkòtò pwotestasyon an, nan Dèlma 32-33 devan TNH la, Wout Dèlma, Kafou ayewopò, Nazon, Ave Martin Luther King, Lali, ri Christophe pou al bout, devan lokal ministè Zafè Sosyàl ak Travay la.

Komite direktè a, nan sans sa a, anonse y’ap tann la près pou kouvèti gwo evènman sa, ki prevwa pou demen madi a, ak mèkredi kap vini la.


Comments are closed.