Lapolis nan vil Gonayiv fouke pou yon lòt fwa ankò 2 gwo koure ki ta kidnape e vyòle yon demwazèl 19 lane.

839

05 – 10 – 2024

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Latibonit patikilyèman nan vil Gonayiv pa chome. Jerry Carra ak Destin Jackson, se 2 gwo koure sa yo lapolis poze lapat sou yo pou tèt yo ta enplike nan kidnapping e vyòl yon demwazèl 19 lane.

Endividi sa yo ki te mande anviwon 200 mil dola vèt kou powo ak yon lòt sòm kòb goud pou libere otaj la, pat kache satisfaksyon yo pou te deklare ak ajan lòd yo ke, yo te deja resevwa anviwon 50 mil dola vèt, men sa pat anpeche jèn demwazèl la pase yon move moman, akòz gwo koure yo vyole li.

Nan moman n’ap pale la, 2 gwo koure sa yo, ki donk, Jerry Carra ak Destin Jackson, mare dèyè miray gadavi prizon sivil Gonayiv la, annatandan yo kwaze bab pou bab ak salè peche yo.

Comments are closed.