Pòdpè/inondasyon : Anviwon 23 kay inonde nan plizyè zòn, san konte divès fanmiy ki kouri kite lakay yo.

1,075

06-04-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo lapli kap tonbe san rete sou depatman Nòdwès la depi anviwon 4 jou, pwovoke gwo inondasyon e lage divès fanmiy nan site Kapwa Lamò a nan kouri.

Plis pase 23 kay inonde nan zòn La bèl Plas, ri Chalmay Peralt, zòn Won Pwen, Site Makso, Nan Grigri, Dewoulen, Nan Kasav, Dèyè Letan, poun site sa yo sèlman.

Fas ak yon sityasyon san parèy, anpil nan abitan kap viv nan zòn nou sot site la yo, oblije kouri kite lakay yo akòz gwo lavalas dlo, ak labou ki pa sispann anvayi yo.

Nan sa ki gen rapò ak zòn Dèyè letan, se rèl kay Makorèl! Ou ta di se letan an ki retounen pran plas li, akòz gwo lavalas dlo ak labou fò se ou mete moun yo deyò. Kòm bilan pasyèl, anviwon 3 kay plonje e antre ra pyetè, san konte lòt kay kap patoje nan lavalas dlo ak labou.

Popilasyon an nan moman nap pale a san abri.Yo pa konn ki sen pou yo rele ak kòz mizè yo ki vin ogmante. La mèri pa egziste nan vil Pòdpè, pwoteksyon sivil nan sityasyon difisil sa a, pa fè siy prezans yo, delegasyon, direksyon anviwònmantal ak travo piblik, pèsòn pa prezan, ou ta di, se yon konplo ki monte sou do popilasyon an Nòdwès, alòske lapli a sou depatman Nòdwès la kontinye ap taye banda.

Dè Letan : avan e aprè

Nap raple, moun Dè Letan riske viv yon dràm ki pa rete ak dràm. Anpil kay nan zòn nan ta sanble ap efondre; nan plis pase trant ane pase yo, Dè Letan te reprezante bèl “Lak Fatima”, ki jounen jodi ki pa egziste akoz anachi ekologik. Konsa, dlo pa janm bliye wout li!

Comments are closed.