Fondasyon TRiboLAND pwolonje jalon pelerinaj fòmasyon gratis li yo nan komin Montòganize.

08 – 11 – 2024
Montòganize, Ayiti____(TRiboLAND) Sòti nan komin Wanament, pase nan komin Karis, pou pran Monben Kwochi, pou rive jwenn komin Kapotiy, san nou pa site divès lòt zòn ki deja touche yo, Fondasyon TRiboLAND ateri ak pelerinaj fòmasyon li yo nan komin Montòganize nan depatman Nòdès peyi Dayiti, gratis ti cheri.
Pelerinaj seminè fòmasyon yo pral dewoule sou dekorasyon evènmansyèl nan lokal COFESMO Montòganize pandan 2 jou, nan dat 12 ak 13 dawou 2024, sòti 9h nan maten pou rive 4h nan aprèmidi.
Patisipan yo dapwè Ing Louendy Jean ak tout rès ekip TRiboLAND lan pral sòti toupatou nan komin nan pou vin aprann mete bèl dekò nan kèlkeswa evènman ki pral genyen, san Fondasyon an pa egzije yo yon goud Lesko.
PDG Louissaint Louis ki gen ti non jwèt li Papa Loulou, deside fòme jèn yo nan lide pou moribon fenomèn delenkans jivenil lan pandan lap mete yon baton fòmasyon manyèl nan men chak jèn pou kanpe goumen kont tout kalite fòm pwostitisyon ou move lavi.







Moun sa yo ra pou twouve , felisitadyon DG
KENBE FERME
Triboland toujou e ankò. Mp kontinye felisite inisyativ sa PSK anpil jèn pat gen aksè ak yon profesyon men gras ak triboland yo jwenn chans benefisyel gratis. Kenbe la papa Loulou
Jenes latoti fye de u papa loulou
Triboland latortue
Waw non tribonland latoti map Di PDG nou Mesi e felisitasyon pou bon travay sa kap fèt e pa tro lontan se kou pa nou 🙏🙏 tribonland latoti