Yon group timoun nan lokalite Vye Kay resevwa yon jounen travay atistik nan men Fondasyon TRiboLAND

489
0
Share:
TRiboLAND

Gran Gwàv, Ayiti_____(TRiboLAND) Se gras ak yon jèn gason ki pote non André Mendossa, e ki se egalman yon vanyan polivalan ki kwè nan sosyàl, ki fasilite Fondasyon TRiboLAND arive mete pye li atè nan Gran Gwàv, patikilyèman nan premye seksyon, lokalite Vye Kay, jodi 18 septanm 2025 lan.

Paran, nan tèt kole avèk Mendossa, te mete tèt yo ansanm pou yo te fasilite ti lè zanj yo benefisye yon atelye travay pou ti lè zanj yo nan lokalite Vye Kay, nan Gran Gwàv. Plis pase 60 timoun te genyen opòtinite pou patisipe nan yon atelye travay ki te ede yo apran desine, fè brikolaj ou travay atistik manyèl avèk anpil kontantman anndan “École Chrétienne Mixte Vye Kay, ke pastè Elode Midy ap dirije.

Anpil gwo felisitasyon pou Rosemanie, Monica, Sonia ki te kanpe nan delivre pwovizyon aprantisaj la bay ti moun yo, ki te trè kreyatif pandan yon parèy jounen ki mete aksan sou distraksyon yo pandan vakans lan.
Antouka, remèsiman yo pa piti; plizyè rezidan ankouraje yon parèy mouvman ki vize ti lèzanj yo. Konsa, yo swete wè mouvman TRibo a kontinye fè chemen li nan zòn rekile yo, kote bezwen distraksyon pou ti moun yo ap vale teren.

Share:

Leave a reply