Endividi mal entansyone mete dife nan Legliz Katolik Sen Gabriyèl nan Laskawosbas

241

01/10/21

Laskawobas_____(TRiboLAND) Moun ki pa idantifyàb mete dife nan Legliz Katolik “Sen Gabriyèl” nan Laskawobas e yon kreye plizyè graffiti piman bouk anwouj sou mirày espas eklezyastik la ki denonse leadership kongregasyon an ki genyen nan tèt li, Reveran Pè Ady Mithial.

 Dife sa ki pran ant samdi lanwit 9 janvye pou leve dimanch maten 10 janvye, te flanbe nwa kon dekou, tout antrans legliz la, ki mirakilezman pat arive layite kòl. Dega yo trè mezurab e ou jwen yon legliz maten dimanch 10 janvye a yon moral ki pa bazoudi.

Sèvis te fèt jan sa toujou fèt e enpak yo pa mete ankoz mès matinal kote plizyè fidèl tap chèche rekonfò espirityèl nan Sen Gabriyèl.

Comments are closed.