Tigwav arestasyon – Lapolis nan tèt kole ak lajistis mare kon krab 2 endividi ki tap transpòte pwodwi marigwana nan Pòdpè.

1,114

01-09-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Wilbert Dejean aje 42 lane e Venor Petit Dol 48 lane, se non 2 jèn gason lapolis nan tèt kole ak lajistis nan Vyalè, premye seksyon kominal Tigwav arive mare tankou krab  jounen lendi 9 janvye 2023 a.

Arestasyon sa arive fèt, akoz endividi annafè yo tap tante transpòte yon pwodwi sispèk ki ta sanble tèt koupe ak mayigwana, daprè jij depè seksyon an, Délicio Vernevil ki te pwosede ak konsta legal pwodwi sispèk yo.

Jij depè Delicio Vernevil deklare ke 2 endividi yo te genyen an pwosesyon yo: 2 malèt, chak malèt sa yo te genyen yon kantite 7 pakè mayigwana ki evalye a 70 liv.

Konsa, tou 2 mesye sa yo avwe se Okay ke yo soti achte machandiz la, yon fason pou yo t’al revann nan vil Pòdpè.

Délicio Vernevil presize, yon fwa li fin fè konsta pwodwi sispèk la, li te deja fè apèl ak komisè gouvènman pakè Tigwav, Mèt PIERRE Elioth Paul ak (BLTS) pou fè swit legal yon parèy dosye.

JOICY Arnold

Comments are closed.